Mwen ap gade'w men ou pa wè'm
Mwen bò kote'w ou pa tande'm
Sou tout vizaj ou m'ka wè
Kijan nèg sa ap maltrete'w
Men fò'w ta avè'm pou wè lanmou
Pou wè ou renmen yon moun
Lap pase bò kote'w chak jou
L'pa menm konnen siw egziste
Lap pase nan bra yon lòt moun
Fò'w ta ouvè je'w pou'w ta wè
Kijan nèg sa ap maltrete'w
Le jou ou ta pran men'm wa va wè
Bebe ki jan'm tap dolote'w
Men fò'w ta avè'm pou wè lanmou
Men'm ke'm ta avèg m'ka wè nan ou
Pou wè ou renmen yon moun
Lap pase bò kote'w chak jou
L'pa menm konnen siw egziste
Lap pase nan bra yon lòt moun
Li pa menm vle'l lap fè'l pase mizè
Li pa menm vle'l lap fè'l pase mizè
Li pa menm vle'l lap fè'l pase mizè
Li pa menm vle'l lap fè'l pase mizè