Pou yon lanmou ki fin peri
Cherie nou pat renmen pouw te banm pwoblèm
Mwen te vle fè'w plezi ekriw bèl ti powèm
Kounyea msanti relasyon sa vin blèm
Pale anpil sa twop lap brize kè'm
Ou menm fè cheve nan tèt mwen pa pouse
Des fois lèm soti ou toujou ap doute
Menm lè mwen pale ou pa fouti koutem
Le soir lèm pral domi ou janm banm goute
Pou yon lanmou ki fin peri
Fon ti kanpe lwenm banm distant mwen
Ou fin gaspiye enèjim ak rezistans mwen
Kounyea ou kanpe wap gade way mwen
Fon silans poum diw tout sak nan mind mwen
Ou fin pran kè'm pou mach pyew
Mte baw love ak san pou san
Mpa kwè paw la te yon pou san
Mte konn bay tan bay nan mwen
Kounyea se èy pou èy dan pou dan
Yo di lanmou te resipwòk menw te plis panse ak tet ou
Mte la kom yon grenn tòk jis pou peye dèt ou
Ane a Kat la mare 3 wa machè demele gyèt ou
Ou te fè'm jwe yon backup se lè ou vle ou fè sèks
Se pa mwen lèm ta sòti o mwen pou ta banm yon ti text
Machèw anraje ou toujou ap pran pretèks
Alevwa lè nap fèl pou ta menm banm yon ti tèt
Pou yon lanmou ki fin peri
Malgre efom sa pa janm mache
Toujou chache fe kont pouw fon ti demake
Lanmou sa rann mwen dwol franchmanl gem egare
Ou komanse fem twop tanpri kitem ale
Malgre efom sa pa janm mache
Toujou chache fe kont pouw fon ti demake
Lanmou sa rann mwen dwol franchmanl gem egare
Ou komanse fem twop tanpri kitem ale
Pou yon lanmou ki fin peri