Premye fwa mwen te kwaze li
Li te genyen dlo nan je'l
Mwen te pran men'l pou'm konsole'l
Pou'l pat kriye pou'l pat rele
Manzè esplike'm sa lap andire mizè'l lap pase
Li di'm nan mwen li wè tout sa'l vle
Li renmen jan'm poste Eeeeee
Li di'm se avè'm pou'l ta ye
Mwen di'l nou pa gen danje
M'ap trete'l kou yon reine vre eeee
Manzè di'l paka ret tann ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande
Manzè di'l pa gen pasyans ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande
Koman'w ta vle pou kè'l kontan
Ou pa janm ba'l love lè'w gentan
Ou toujou nan baz ou pa janm lakay
Pran pòz wap travay jis pou'w ka pase mayy yeah
Kounyea manzè konn kisa'l vle
Li di'm se avèk mwen pou'l ta ye eee
Li di'm se ave'm pou'l ta ye
Franchman li di jou'l ta pranm li pap depoze'm
Li pa we lot moun se avè'm pou'l ta ye
Le'l nan bra'm li pap dekole
Ohhh yeah li di'm jou'l ta pran'm li pap depoze'm
Li pa wè lòt moun se avè'm pou'l ta ye lè'l nan bra'm
Manzè di'l paka ret tann ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande
Manzè di'l pa gen pasyans ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande
Pou yon si bèl kado m'son si bèl kado yeah
Èske se ou'k gen pi bon zye
Li kwaze'm sou chimen an Li mjis pran men'm
Euh hey li pat menm nan fè prese
M'se pa'w ou se pa'm lady
M'se zorye ou se dra'm evre
Cheri vin Sere nan bra'm e he
Ou di'w renmen kann nan tou kale
M'gon jan manje vyann nan Ou tou bave
Fason nou have fun nan nou varye
E Sa Yo pap konprann nan E he
Manzè di'l paka ret tann ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande
Manzè di'l pa gen pasyans ankò nonnn
Avè'm pou'l ta ye avè'l pou'm ta ye m'tande