Paske w pat banm chans pou m pwouve w li
E si m ta di w ou pa t'ap kwè m
Paske nan je w m pase enkonu
Se pa pou tout fanm ke m ka fou
Malgre ou menm ou pat nan gou m
Sou desizyon m, m te rete tou
Pou m konnen w plis de jou an jou
Echanje mo antre nou menm
Nan kaladriye ou, m pat ajou
Mantalman ou t'ap inyore m
Fizikman ou t'ap repouse m
Sou wout lòt pou n pat kwaze
Si m te fon zak, ou t'ap denonse m
Fò m di w sakrifis sa, se pa tout nèg k'ap fè l
Menm lè l gen volonte, l p'ap fè l
Mwen ou te jwenn mwen ak tout kè m
Menm lè ou menm ou tap fè rèd
Sou chwa pa m, m te ret kenbe fè m
Plizye lòt moun tap fè m regrèt
Men m te deside ret deyè w
Kounya l vle fè m tonbe feblès
Lanmou m te twò piti pou ou
M te ofri w nanm, m te ofri tan mwen
Avè w m te gentan pataje plan mwen
Nòmalman m te twouve w jennen
Esperyans ap fè m konnen plis
Yon lòt pral mete m alabri
Pou nan futur pou m fè benefis
Nan plas sa ou fè m fè defisi
Nan zye w ou te wè m agresif
Devan m ou pase pou viktim
Nan esklavaj mwen p'ap tonbe
Devan ou menm m p'ap sikonbe
Men nou pat nan menm tren
Vise-vèsa ou pat janm renmen m
Toutafè, toutalè, tout trajè
Tout esprè, tout bagay, tout bon
M te prè, e m te gentan fè w konfyans
Lanmou m te twò piti pou ou
Nòmalman m te twouve w jennen
Nòmalman m te twouve w jennen